5 Konsèy Pou Li Ak Pitit Ou Pou w Ka Jwenn Yon Bon Eksperyans

5 Konsèy Pou Li Ak Pitit Ou Pou w Ka Jwenn Yon Bon Eksperyans

Lè w li pou jèn pitit ou se youn nan pi bon bagay ou ka fè pou ede yo devlope ladrès aprantisaj esansyèl epi ankouraje yon lanmou pèmanan pou lekti. Men, kijan pou paran ak moun k ap bay swen fè sa? Ki pi bon fason pou pran tout avantaj posib nan eksperyans lan? Men senk konsèy, ak lèd The Children’s Trust Book Club, pou mete w ansanm ak pitit ou sou bon wout.

1. Ki moun ki ta dwe li pou pitit ou? Tout jèn timoun benefisye lè yo li pou yo, epi se pa sèlman paran yo, moun k ap bay yo swen, pi gran frè ak sè, ak nenpòt moun ki pwòch timoun nan ka ede lè yo li pou li. Syans la klè: entèraksyon ant yon timoun e yon adilt pandan tan lekti amelyore devlopman langaj, ladrès alfabetizasyon ak lyen emosyonèl. Plis yon timoun tande plisyè vwa ak pèspektiv, eksperyans aprantisaj yo ap vin pi rich. Kidonk, fè lekti yon aktivite fanmi kote tout moun patisipe epi kontribye nan devlopman timoun nan.

2. Ki kote pou li? Yon atik sou Sitwèb Brain Balance  ki rele, " Best Reading Spot for Kids," (Pi Bon Kote Pou Timoun Li) rekòmande yon anviwonman trankil san anpil distraksyon pou amelyore konsantrasyon ak konpreyansyon. Asire w tou ke zòn lekti pitit ou gen yon atmosfè amizan e akeyan ak yon espas travay serye ki ankouraje aktivite nan lapè. Mèb konfòtab tankou kousen dous oswa chèz ki balanse ka fè sesyon lekti a pi agreyab. Finalman, li sijere w chwazi yon kote lwen distraksyon tankou televizyon oswa zòn okipe pou asire atansyon li rete sou liv la.

3. Ki lè pou li? Pandan ke pa gen okenn move moman pou li pou timoun ou, Scholastic.com bay lide sou fason pou enkòpore lekti ak liv nan woutin chak jou w ak pitit ou pou l vil tounen yon abitid konsistan ak agreyab. Pandan w ap fè komisyon pote yon liv epi wè kijan sijè a ka gen rapò ak mond ki antoure w la. Gid lekti The Children’s Trust Book Club la souvan gen sijesyon sou fason pou konekte lekti ak sa kap pase deyò a, kidonk tcheke ide sa yo. 

Liv ak imaj fonksyone byen nan plizyè anviwònman, tankou pandan wap fè makèt, nan pak la, nan biwo doktè, elatriye. Natirèlman, youn nan lè ki pi komen pou li pou pitit ou se anvan lè repo oswa lè li pral dòmi. Lekti non sèlman sèvi kòm yon rityèl, men li amelyore vokabilè ak senpati tou. Lekti pandan tout tan sa yo ede timoun yo asosye li ak diferan pati nan jounen yo, ki fè li tounen yon aktivite ki natirèl ak agreyab.

4. Ki kalite liv pou li? Chwazi liv ki apwopriye pou laj ak etap devlopman pitit ou. Dapre yon atik sou ReadBrightly.com, pou tibebe (nesans jiska 3 mwa), chwazi liv ki gen imaj e ki gen anpil kontras ak tèks senp. Pandan ti bebe yo ap grandi e ladrès mouvman kò yo ap devlope, kòmanse ak liv entèaktif ke yo ka manyen ak santi. Soti nan 6 a 9 mwa, konsantre sou liv ki gen foto klere ak istwa senp ki ka kenbe atansyon yo. Pou ti bebe ki pi gran (9 a 12 mwa), chwazi liv ki ankouraje mouvman ak entèraksyon.

Jwenn bon liv ki apwopriye pou tibebe w la ka fè w travay anpil, The Children's Trust Book Club rann sa fasil paske li ofri liv gratis ki apwopriye pou laj yo an angle oswa panyòl, pou asire pitit ou resevwa materyèl enteresan ak edikasyon ki ale pi byen ak laj e devlopman yo. 

5. Kijan pou li? Pou maksimize benefis lekti, familiarize pitit ou ak teknik entèaktif. Itilize vwa diferan pou chak pèsonaj, poze kesyon sou istwa a, epi ankouraje pitit ou predi sa ki pral rive apre. Konekte istwa a ak mond akytèl la lè w konpare evènman ki nan liv la ak eksperyans lavi reyèl. The Children's Trust Book Club ofri gid lekti ak fèy aktivite ansanm ak chak liv pou bay paran ide kreyatif pou fè sesyon lekti pi entèaktif ak agreyab. Prezans ou se aspè ki pi enpòtan paske li montre lanmou ak antouzyasm pou lekti, Asosyasyon pozitif sa a ap toujou rete ak pitit ou.

Lè w swiv konsèy sa yo, ou ka kreye yon eksperyans lekti ki anrichi ak ankouraje devlopman pitit ou ki ka fè l damou pou lekti pandan tout lavi l. Pou plis enfòmasyon, sipò ak resous tcheke TheChildrensTrust.org/BookClub, kote w kapab enskri pitit ou pou vin yon manm.