Enskri Pitit ou nan kan ete Kounye a

Enskri Pitit ou nan kan ete Kounye a

Jwenn pwogram ete ki adapte ak bezwen fanmi’ w

Paran ak pitit yo pa ka tan pou mwa ete a pou yo pran repo nan travay regilye ak woutin lekòl la nan rès ane a. Men, lè li rive, ete kapab pote estrès si paran yo pa planifye davans. Ki kote timoun yo ak jèn yo pral pase èdtan sa yo lè paran yo ak moun k ap pran swen yo ap travay? Ki moun ki pral pran swen yo? Ki kalite aktivite ki pral favorize angajman, edikasyon ak opòtinite plezi pou yo?

Pou evite ensètitid ak enkyetid, paran yo ak moun k ap pran swen yo ta dwe enskri pitit yo pou pwogram ete pi vit ke posib. Erezman, gen Erezman, gen anpil opsyon ke The Children's Trust ak patne li yo afri pou asire ke yo adapte bezwen yo, enterè yo ak aprantisaj ki ta dwe rive pandan ete a.  Gen dè santèn opsyon kan ete ki a ba pri oswa gratis atravè Miami-Dade County, epi jwenn youn ki bon pou yon fanmi patikilye vin pi fasil ke avan. 

Tout bagay, soti nan espò ak akademik ale nan teknoloji ak byennèt sosyal ak emosyonèl ki disponib nan pwogram ete, men pi bonè paran kòmanse rechèch yo, se plis chans l’ ap genyen pou li jwenn plas ki disponib pou pitit yo. Anvan yo kòmanse yon rechèch, paran, moun k ap bay swen ak timoun oswa jèn yo dwe detèmine ki sa ki ap bon pou yo an tèm de kote ak aksè, konsantre nan kan ete ak lòt varyab. 

Pou fè li pi fasil pou fanmi yo jwenn pwogram kan ete ki pa koute anpil oswa ki gratis, The Children's Trust fè patenarya ankò ak Miami-Dade County, Miami-Dade County Public Schools ak Jewish Community Services of South Florida pou kreye "More Summer Camps Choices" initiative.  

Prèske 500 pwogram finanse pa oswa opere pa patnè prensipal yo ki nan lis sou paj wèb 211Miami.org/SummerCamps ak lajman ankouraje pa patnè yo nan tout kominote a. Ane pase a, efò sa yo te lakòz 400 fwa plis rechèch sou entènèt pase nan ane anvan an ak yon ogmantasyon 40 pousan nan apèl nan 211 Helpline pou kan ete. 

Epitou, pou yon twazyèm ane, Trust La ak sistèm lekòl la ap travay ansanm sou Summer 305 pou pote M-DCPS pwofesè kan Children's Trust ki opere nan sit M-DCPS sit lekòl pou anseye lekti ak matematik pou konbat pèt aprantisaj ete. 

Pou tout paket pwogram ke Children's Trust la finanse e ofri nan Miami-Dade County, e tout pwogram ete li yo, tanpri vizite TheChildrenstrust.org/find-a-program.