Family Expo Konsantre sou Retounen Lekòl

Family Expo Konsantre sou Retounen Lekòl

Ete nan Miami make retou yon tradisyon moun renmen anpil: The Children's Trust Family Expo, pi gwo evènman gratis ak resous pou fanmi nan Miami. The Family Expo ap fèt ankò nan nò ak nan sidwès pou asire rezidan ki soti nan tout konte a ap kapab ale nan youn nan de evènman yo.

Premye evènman an ap fèt 27 jiyè nan Florida Memorial University nan Miami Gardens e dezyèm lan ap fèt yon semèn pita, 3 out, nan Miami Dade College Kendall Campus. Pou yon dezyèm ane konsekitif, The Trust asosye l ak Uber pou ede plis fanmi patisipe nan evènman an epi prepare yo pou ane lekòl k ap vini. Yon Uber Voucher disponib ki bon pou $15 aleretou (Tèm ak kondisyon koupon Uber aplikab).

The Children's Trust Family Expo toujou pi bon kote pou paran ak fanmi aprann tout kalite opòtinite ki disponib pou pitit yo -- soti nan pwogram apre lekòl rive nan edikasyon sou nitrisyon, prevansyon blesi, swen pou timoun ki gen bezwen espesyal, enfòmasyon sou enskripsyon pre-K. ak tout lòt kalite bagay. Pandan ke paran yo ap dekouvri tout sa ki posib nan ekspozisyon an, timoun yo ka patisipe nan plizyè aktivite tankou yon Fun Zone Fútbol con Corazón and Carnival Fitness, penti pou figi, fotomat, trelè manje, espektak pèsonaj, elatriye.

Tankou dènye ane yo, evènman Family Expo yo ap fèt sèlman kèk semèn anvan kòmansman ane lekòl la epi paran yo, moun k ap bay swen ak timoun yo pral gen opòtinite pou ale lakay yo ak yon varyete founiti skolè yap resevwa nan men The Trust ak ekspozan yo, tankou sak lekòl, kreyon, plim, dosye, pami lòt bagay.

Prezidan ak Direktè Jeneral The Children's Trust, James R. Haj di " Ane sa a nou ajoute patwosinan ak ekspozan remakab pou ogmante nivo fanmi yo konn espere nan evènman sa a". “Yon lòt fwa ankò nou kontan pou konekte popilasyon divès Miami-Dade la ak gwo rezo founisè nou an, ak ajans kominotè e òganizasyon ki devwe pou ede fanmi nan kominote nou an.”  

Ekspozisyon an ki atire milye patisipan chak ane, pral òganize aktivite anndan ak deyò pou konfò ak amizman. Gen kèk aktivite fanmi favorize kap retounen ane sa a tankou UHealth Jackson Urgent Care Teddy Bear Clinic, kote timoun yo ka pote ti nounous yo pou resevwa "swen" nan men pwofesyonèl sante ak The Children's Trust Book Club. Nan Lòt seksyon gen yon Kid Zone ak Fun Zone, atizay ak atizana, fotomat, trelè manje ak aparisyon pèsonaj ak spektak.

Pou plis enfòmasyon, tcheke TheChildrensTrust.org/FamilyExpo

Detay Evenman:
(Nan NÒ) Samdi 27 Jiyè, 10 a.m.-2 p.m.
Florida Memorial University 
Wellness Center 15800 NW 42nd Ave
Miami Gardens, FL 33054


(Nan SID) Samdi 3 Out, 10 a.m.-2 p.m.
Miami Dade College Kendall Campus,
Gymnasium 11011 SW 104th St
Miami, FL 33176