Timoun Ki Enfòme, Sitwayen Ki Angaje

Timoun Ki Enfòme, Sitwayen Ki Angaje

Twous Evenman Aktyèl Pou Lafanmi

Timoun ap gravite espas lekòl pou jere dram amitye ak deplasman pou foutbòl pandan y ap dechifre Shakespeare ak jeyometri. Nan mitan aktivite chak jou, paran ka gide timoun yo pou gen enterè nan zafè sivik, kit twoub an Ayiti, eleksyon prezidansyèl k ap vini oswa pri lojman abòdab nan Miami. Pandan y ap aprann pwoblèm lokal ak mondyal, ankouraje yo swiv enterè yo epi fè yon diferans nan lekòl, klib ak kominote relijye.

Dijere Aktualite: Pandan soupe, pandan w ap panse sou dewoulman jounen an, eseye asezone konvèsasyon an ak kèk kesyon sou evènman aktyèl tankou lwa Florid kont anplasman kan sanzabri oswa echanj prizonye ak mank libète laprès nan Larisi. "Helping Teens Process Current Events: a Toolkit for Parents" "Ede Tinedjè Jere Evenman Aktyèl: Yon Twouso Zouti Pou Paran " ki soti nan Harvard Graduate School of Education (Lekò Siperyè Edikasyon Harvard) rekòmande paran diskite sou nouvèl ak elèv kolejyen ak liseyen epi kreye an menm tan mete limit sen nan sikilasyon nouvèl 24è sou 24, 7j sou 7. "Planifye tan pou diskite evènman aktyèl ak tinedjè w epi pran tan pou w konprann kesyon ak enkyetid li, lèkonsa ap gen konsantrasyon sou sijè difisil ".

Montre Konpasyon: Pou sitiyasyon ki pa nan eksperyans vi pa yo, paran ka fè rechèch pou edike tèt yo. "Li inevitab ke jèn yo pral jwenn nouvèl ak lòt kontni ke yo ka bezwen sipò pou jere ak konprann. Li enpòtan tou pou jèn yo apresye kouman konpreyansyon evènman aktyèl yo ka ede yo devlope konpasyon, patikilyèman pou moun ki diferan de yo. Atik la eksplike se ou kap bay adolesan w egzanp yon fòm vital pou pran swen lòt moun,".

Mande opinyon pitit ou ak sa ki pi parèt jis ak ekitab olye pou w fòse pozisyon w. Sa ka pwovoke konvèsasyon sou enterè yo epi ede jèn yo eksplore idantite yo. "Pou ede adolesan konnen panse ak opinyon yo, li enpòtan nan konvèsasyon ak moun an chaj. Fè yo konnen ou anvi aprann nan men yo e ansanm avè yo, e ke panse, opinyon ak kesyon yo gen enpòtans nan pwosesis aprantisaj ou.

Ret Okouran Aktyalite: Common Sense Media rekòmande sou entènèt "Best News Sources for Kids"  (Meyè sous nouvèl pou timoun.) Oswa fè kankou lontan, pran abònman bon revu tankou Time for Kids oswa Week Junior. Nan "Explaining News to Our Kids" (Eksplike Timoun Yo Nouvèl), li konseye paran yo kontwole kijan timoun yo jere evènman difisil pandan y ap pwoteje timoun ki poko gen 7 lane kont nenpòt nouvèl oswa imaj ki ta ka fè yo pè. “Se pa tout timoun ki bezwen detay yo, men y ap beswen jwenn asirans. Lap fasil pou w gen pozisyon w, pataje valè fanmi w epi diskite bagay ki ka depase l yon fwa w fin pran tan pou w rasanble enfòmasyon egzak, ajou, epi evalye bezwen pitit ou.”

Pou timoun ki gen laj 8-12 lane, li ka itil pou bay nouvèl ki gen kontèks e ki baze sou prejije, konfli sivil, relijye ak kontèks istorik. Filtre nouvèl yo epi ede yo idantifye media fyab ki bay fè egzak. Diskite sou sa yo deja konnen ak kijan pou eksprime vwa yo ak responsabilite.

Fè Chanjman an: Chèche jan pou w pran aksyon sou sijè ki konsène w. Common Sense Media ekri, "Montre timoun ke lè yo sipòte yon kòz se yon jan pozitif pou soulaje laperèz yo ak patisipasyon yo. Fanmi yo ka patisipe nan reyinyon oswa manifestasyon; timoun yo ka ede rasanble pakè swen oswa kolekte lajan pou fè don bay yon antrepriz sekou ou imanitè. Tcheke sit entènèt ki ede timoun aprann fè sa ki byen," 

Atik North Carolina State Extension, "Encouraging Youth Civic Engagement," (ankouraje timoun patisipe nan angajman sivik) konseye chèche òganizasyon lidèchip lajenès pou pataje ak eksprime vwa yo epi pran desizyon sou chemen ki mennen nan aktivism. “Lè nou pale sou evènman aktyèl, nou kapab ede jèn yo vin abitye konnen sa k ap pase nan mond bò pa yo. Sa ka deklanche yon konvèsasyon sou yon bagay pasyonan ak yon bagay yo ta renmen chanje. Angajman sivik vle di ede fè yon chanjman pou amelyore kominote w la.”

Diskite sitiyasyon an epi pandan epòk fèt gide pitit ou òganize koleksyon rad pou timoun ki nan yon refuj, sèvi kòm volontè nan yon kous kap benefisye Ikrèn oswa rantre nan yon pwogram netwayaj plaj Key Biscayne, kap fèl vin tounen yon fòs pou byen nan pwòp zòn katye l.