Ak Inisyatif More After-School Choices Paran Ka Jwenn Opsyon Pou Timoun

Ak Inisyatif More After-School Choices Paran Ka Jwenn Opsyon Pou Timoun

Fanmi Ki Nan Konte Miami-Dade, Atravè Liy Èd JCS 211 Miami, Jwenn Plis Aksè A Yon Seri Pwogram Apre Lekòl 

The Children's Trust ak patnè li yo, Community Services of South Florida (JCS), Miami-Dade County, Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS), relanse inisyativ Plis Chwa Apre Lekòl kòm yon jan pou bay paran ak moun kap bay swen pouvwa pou eksplore yon pakèt varyete pwogram apre lekòl ki gratis oswa a bon mache kap akomode bezwen ak enterè pitit yo.

Lè yo tcheke 211miami.org/afterschool oswa lè yo rele 211, fanmi yo ka jwenn aksè alèz a plizyè santèn pwogram The Children’s Trust, M-DCPS, ak Miami-Dade County. Yo disponib an Angle, Panyòl, ak Kreyòl Ayisyen. Liy Èd JCS 211 Miami, se yon pwogram JCS The Children’s Trust finanse, ki se yon resous enpòtan ki konekte kominote a ak bon jan opòtinite apre lekòl.

Pwogram apre lekòl ki disponib nan 211 Miami kouvri yon pakèt enterè ak bezwen, tankou boza, STEM, espò, mizik, pwogram alfabetizasyon, ak kondisyon fizik. Pwogram yo fèt pou divès gwoup laj epi yo nan diferan kote atravè Miami-Dade County. Objektif la se bay timoun yo yon anviwonman ki an sekirite epi ki enteresan kote yo ka eksplore enterè yo, devlope nouvo ladrès epi rete aktif apre lekòl.

Inisyativ la apiye sou gran siksè pwogram Plis Chwa Kan Ete ak pwogram Plis Chwa Apre Lekòl ane pase a. Toude wè yon agrandisman eksponansyèl akòz kantite rechèch entènèt ak apèl.
James R. Haj, Prezidan ak Direktè Jeneral The Children's Trust di "Kolaborasyon sa a montre konpreyansyon serye nou sou bezwen fanmi k ap travay." “Lè nou santralize aksè a bon kalite pwogram apre lekòl, n ap rann li pi fasil pou paran jwenn bon pwogram kap pèmèt pitit yo pwospere nan yon anviwonman an sekirite ak ankourajan pandan paran yo nan travay.”

Pou plis enfòmasyon sou pakèt varyete pwogram apre lekòl ki disponib, fanmi yo ka rele 211 oswa tcheke 211miami.org/afterschool.