Asire Sekirite lè Rekreyasyon

Asire Sekirite lè Rekreyasyon

Konsèy pou jwèt ak lòt bagay nan kay la

Ekri Pa Olivia Perez, kandida M. D. ak Julie Belkowitz, M. D., M. P. H., Lyse Deus, MEd, ak Oneith Cadiz, M. D.

Jwèt yo enpòtan anpil nan devlopman timoun yo. Yo anseye kapasite pou rezoud pwoblèm, pataje, kapasite motè, kowòdinasyon, imajinasyon, ak anpil lòt bagay!

Sepandan, kiryozite ak imajinasyon timoun yo genyen pandan devlopman yo ka mete yo an danje e yo ka trangle oswa toufe lè yo jwe ak jwèt nan fason ki pa apwopriye. Kòmanse ak jwèt sansoryèl yo, timoun ki piti anpil souvan pran bagay yo epi mete yo nan bouch yo. Pandan yap grandi, sa a vin pi danjere sitou lè yo ka deplase epi yo ka mache nan tou kay la jis pou yo chèche e itilize jwèt ki pi enterese yo a!

Timoun tout laj ka soufri blesi oswa frakti nan jwèt y ap itilize yo. Anpil nan blesi sa yo gendwa se boul, dechiri, men kèk ka pi danjere, tankou toufe oswa trangle ki ta ka lakòz lanmò. Konsèy sa yo se aksyon fasil ou ka fè pou kenbe pitit ou an sekirite lè wap achte jwèt ak lè wap gade pitit ou kap jwe ak jwèt.

1. Li etikèt avètisman an. Li nesesè pou tout jwèt pou laj 3 a 6 lane gen etikèt avètisman. Etikèt sa yo di’w pou ki laj jwèt la fèt, e poukisa jwèt la gen danje pour timoun ki poko gen yon laj. Li fasil pou’w wè danje asfiksyon; danje etrangle, e menm danje tonbe ekri sou etikèt jwet yo.

2. Chèche jwèt ki byen fèt. Jwèt fasil pou depatcha tankou yon jwèt boure ki pèdi bouton li genyen antan ke je a, oswa yon brik ki sot tonbe nan yon jwèt konstriksyon. Moso ki kraze yo espesyalman danjere pou timoun yo paske yo piti. Lè sa rive, timoun yo ka fasilman toufe ak ti pati sa yo.

3. Evite mab, ti objè wonn, ak pyès monnen. Tout sa yo se danje ki ka toufe timoun yo e nou ta dwe sere yo byen lwen timoun yo. Yon fason pou w tcheke, se di tet ou; depi jwèt la ka rantre andedan yon woulo papye twalèt vid, li pwobableman twò piti pou pitit ou jwe avel.

Menm jan kèk jwèt kapab danjere, anpil objè nan kay la ka mete timoun yo andanje. Toufe, etrangle, se youn nan pi gwo koz lanmò timoun.

Kijan pou ou sekirize espas yo:
Sere kòd yo lwen. Chajè laptòp, kab televizyon, fil telefòn, ak anpil lòt kòd yo Itilize komen anpil nan tout kay.  Lè kòd sa yo chita oswa pandye atè a, timoun ki kirye yo ka fasilman vlope nan kòd la. Kòd ki pandye nan fenèt yo espesyalman se yon danje yo souvan minimize, yo byen pandye nan fenèt la e yo touche kiryozite timoun yo. Asirew woule kòd sa yo byen wo kote timoun yo pa ka jwenn yo.

Fè atansyon pou fil long, riban, oswa moso twal. Menm jan ak kòd, moso twal ki long ak sa ki mens,  kapab woule nan kou oswa kò timoun yo. Fil yo, souvan kapab fè pati de jwèt oswa rad yo. Nou ta dwe retire yo.

Asirew lè manje a an sekirite. Se pa sèlman gwosè ak fòm yon manje ki kapab danjere men fason manje a manje enpòtan. Timoun yo ta dwe toujou chita, pa jwe oswa kouche sou do yo, lè y ap manje. Konsa, manje a ka desann dwat nan vant la, kote li ta dwe ale!

Jwenn fòmasyon NAN CPR. CPR sove lavi! Nan ijans tankou asfiksyon ak etragleman ak ensidan ki gen rapò ak asfiksyon, CPR la ka ede yon moun respire epi jwenn oksijèn nan rès kò a. Kou fòmasyon CPR yo ofri lokal ak a distans, epi kèk konsèy ou ka jwenn nan men American Academy of Pediatrics isit la. Gen anpil lòt konsèy ak estrateji tou pou evite toufe, etrangle, ak asfiksyon. 

Pou aprann plis sou kòman pou anpeche blesi ki gen rapò ak jwèt epi kenbe yon espas san danje, vizite healthychildren.org oswa kontakte Injury Free Coalition for Kids, yon pwogram ki
sipòte pa The Children’s Trust, nan 305-243-9080.