Bay Pitit ou Kapasite pou yo vin Endepandan

Bay Pitit ou Kapasite pou yo vin Endepandan

Granmoun, Kòmanse bonè ap fè vwayaj yo nan direksyon otonomi fèt pi swa

Timoun yo ap viv lakay yo pi lontan. Se konsa sa ye, alò adapte w ak sa. Men, tan siplemantè sa a ta dwe fè paran yo santi yo an sekirite paske pitit yo ap endepandan lè yo finalman ap viv pou kont yo. Paran yo bezwen konstui pilye endepandans yo byen bonè pou asire yo, timoun yo pare pou yo viv pou kont yo lè a rive.

Bon nouvèl la se ke elve timoun endepandan gen anpil avantaj, pou paran yo ak, pi presizeman, pou timoun yo . Abitid endepandans sa yo ap benefisye tout jèn adilt ki toujou ap viv ak paran yo. Men, pou rive la, sa mande kèk travay pou paran yo fè e pi bonè yo kòmanse pi bonè yo pral wè rezilta pozitif.

Men 5 fason pou w ede pitit ou yo vin endepandan:

Enplike yo nan chwa
Demare ak pitit ou sou wout pou endepandans kòmanse nan ekslipke yo nan tach chak jou ak responsablite pou prepare yo pou sa ki ap tann lè yo pral repprann aktivite sa yo pou kont yo.  Se pa paske li bon pou yo, ke sa vle di yo pral vle fèl vre. Lè w ap bay timoun yo travay pou yo fè, pa mande yo si yo vle fè li . Olye de sa, poze kesyon oswa mande yo chwazi fason yo vle ede. Travay tankou ede fè manje  ou ka mande yo fè  yon chwa ant ranje oswa netwaye tab la, oubyen tou siye oswa ranje asyèt ki lave yo.

Paran ki fe twop pou pitit yo vin fe adilt ki pa fe ase
Li enpòtan pou paran yo fè distenksyon ant ede ak fè twòp. Pandan ke ede ekslipke asiste yon timoun ak travay li vrèman pa ka jere pou kont li, fè twòp se lè paran an fè travay pitit yo kapab fè trè byen pou kont yo. Boòn nouvèl la se paran yo gen pouvwa pou chanje atitid sa a. Lè yo pran yon ti rekil epi ankouraje pitit yo pran responsablite pou aksyon yo ak lavi yo, paran yo ka enjekte nan yo endepandans k ap enpòtan pou laj adilt. 

Kite pitit ou yo fè erè anvan ou korije yo oswa bay yo konsèy avan menm yo kòmanse, men kite yo poze aksyon yo pou kont yo. Sa pral ankouraje sans endepandans yo epi ba yo anvi pou aksepte travay ak lòt tach adilt. "Lè yo fè yon erè, fè yo konnen li OK epi ede yo panse sou fason yo ta ka fè pi byen pwochen fwa. Vini ak estrateji pou korije pwoblèm nan, lè sa nesesè. Erè yo ta dwe akeyi kòm opòtinite aprantisaj," eksplikasyon nan yon atik nan Parent.com.

Tranzisyon soti nan manadjè pou ale nan konsiltan
Fè edikasyon timoun evolye pandan tout lè timoun yo ap grandi, wap soti nan yon wòl manadjè pou ale nan wòl  yon konsiltan nan lavi yo. Pandan ke jere aktivite chak jou yon timoun piti nesesè, pandan y ap grandi, paran yo ta dwe adopte yon apwòch plis konsiltatif. Respekte limit pandan y ap bay otonomi se kle. Paran yo ta dwe dekri atant ak limit klè, pandan y ap bay pitit yo libète pou yo fè pwòp chwa yo. Lè nou adopte eta despri konsiltan an, paran an pèmèt pitit li yo konprann ki sa yon granmoun ye pandan y ap toujou ofri yon rezo sekirite nan konsèy ak sipò.

Bati woutin pou timoun piti 
Espesyalman nan timoun piti, kòmanse woutin ede yo abitye ak reyalize tach pou kont yo. Yon atik nan Child Mind Institute, konseye pou anseye timoun preskolè yo reyalize tach senp tankou aprann sa pou yo fè lè yo rive lakay yo pou yo pwogrese nan sitiyasyon ki pi konplike ak defi. "Retire vès, aprèsa soulye, pann sakado, lave men yo. Kite timoun yo kòmanse fè pati nan woutin nan pou kont yo, tankou dezipe manto yo. Evantyèlman, yo pral kapab fè tout woutin nan pou kont yo.”

Prepare yo pou siksè
Pati nan ede timoun yo endepandan epi devlope karakteristik ki akonpaye yo se asire paran yo fè pati pa yo pou mete yo nan yon pozisyon pou yo reyisi. Li bon vre  lè nou ta renmen yo ede prepare tab la kòm yon pati nan travay yo, men si yo pa ka gen wotè pou pran asyèt yo oswa sèvyèt, nou ka kreye plis fristrasyon ak enkyetid nan yo pase nenpòt lòt bagay. Atik Parents.com la raple paran yo pou yo reflechi sou fason paran yo ka ogmante chans pou pitit yo kapab reyalize tach pou kont yo. "Ajoute yon kwòk nan nivo je pou yo pandye sakado yo apre lekòl. Mete yon ti eskalye tou pre kwizin nan pou ede yo pran ti goute yo nan frijidè a oswa nan depo san èd," atik la eksplike. Lè paran yo prepare teren an pou pitit yo vin endepandan, li pi fasil pou yo pran opòtinite a. 

Timoun yo ka rete lakay yo pi lontan, men sa ta dwe kreye satisfaksyon pou paran yo. Pi bonè paran konstui fondasyon yo nan endepandans, plis chans pitit yo pral ekipe pou evantyèl tranzisyon vè otonomi. Lè n ankouraje otonomi, paran yo kiltive moun ki rezistan e prepare pou defi yo lè yo vin granmoun.