Bwat Zouti 2024 sou Entènèt pou Sante Mantal

Bwat Zouti 2024 sou Entènèt pou Sante Mantal

Pandan sezon eleksyon 2024 la ap dewoule, jèn moun yo ale nan rezo sosyo pou jwenn nouvèl epi fòme opinyon sou pwoblèm ki rann divizyon. Adolesan ap pase 3.5 èdtan pa jou sou platfòm entènèt prefere yo, soti nan Instagram rive nan Snapchat. Pandan gwo pwoblèm lojman abòdab nan Miami, adolesan ki pi gran mete dekote plan kite kay paran yo epi rete nan telefòn yo kòm pastan. Ak Mwa Konsyantizasyon Sante Mantal nan mwa Me, ak agravasyon lajenès ki entans, paran yo pran aksyon pou ankouraje timoun modere itilizasyon dijital, dyaloge ak respè epi angaje sivikman.

Eleksyon San Patipri: Ak eleksyon nan sis mwa e kèk, sèvi ak prensip demokra tik pou diskite sou politik ak valè demokratik yo epi kanalize pasyon nan aksyon kominotè. Bay yo konsèy pou yo fè diskisyon pwodiktif ak pasifik. jedfoundation.org  konseye ankouraje yo konekte ak zanmi, ekri jounal pèsonèl ak rekonèt emosyon konplèks.  Li di. "Nou rekòmande pou jèn pran swen tèt yo epi modere konsomasyon nouvèl yo. Nou ankouraje yo tou pou konsidere kanalize enkyetid yo nan angajman sivik. Gen plizyè fason pou jèn yo patisipe nan pwosesis sivik la, tankou vote pou premye fwa ak fè volontè ak lòt moun ki pasyone pou kreye chanjman," "Lè w patisipe ak gwoup lekòl, kanmarad ak kominote k ap travay pou fè chanjman sa kreye yon sans de koneksyon sosyal ki ka kontrekare santiman dezespwa oswa soumisyon." 

Nan “Emerging Issues that Could Trouble Teens”, (Pwoblèm k ap parèt ki ka trakase adolesan) "Vicki Harrison nan Stanford Medicine di "Anpil nouvèl sou entènèt la ka akablan." Harrison administre Good for Media, ki pale sou itilizasyon medya sosyo ak rechèch nouvèl sou entènèt. Sonje ton deba politik ak kiltirèl sou idantite tankou relijyon, ras, orijin nasyonal oswa sèks, ki "afekte adolesan nan yon moman enpòtan nan devlopman yo. Se yon peryòd kote y ap eksplore ki moun yo ye." “Harrison kwè ke nenpòt apèl pou rezoud kriz sante mantal la dwe rekonèt enpòtans siyifikatif enklizyon, diyite ak respè pou bay lajenes sipo sante mantal.”

Onore Kalkil Ak Defi Intelijans Atifisyèl (IA): Nan mitan presyon akademik, distraksyon dijital ak anvayisman IA, SaferWatch konseye timoun chèche manm fanmi ak pwofesè yo pou simonte defi lekòl yo. Li di " Dwe gen sesyon etid ak yon pòz tanzantan ansanm ak objektif yo ka reyalize. Sa ap ede asire ke elèv yo pa depase sa ki rezonab. Chèche moun ou fè konfyans pou bay asistans nesesè ba elèv k ap fè fas ak sitiyasyon estresan ki gen rapò ak akademik ou pa.  Sa bay konfò ki ankouraje pran bon desizyon an jeneral lè yo fè fas a obstak pandan aktivite edikatif," “Ki kantite atansyon, swen ak antouzyasm ki nesesè pou ede yo reyisi nan lavi. Tout jwe yon gwo wòl pou asire byennèt.”

Plan Familyal pou Rezo Sosyo: Avètisman Chirijyen Jeneral Etazini sou Rezo Sosyo ak Rapò Sou Sante Mantal Lajenès fè konnen yon tyè nan jèn ant 13-17 lane itilize rezo sosyo prèske toutan, pandan ke twòp itilizasyon asosye ak pi wo nivo pousantaj depresyon ak enkyetid epi mwens itilizasyon gen rapò ak plis satisfaksyon nan lavi. Ti fi yo ka vin gen mwens konfyans nan tèt yo, imaj kòporèl negatif ak pwoblèm alimantè. Avètisman an ap gide paran yo fè timoun yo vin responsab sou entènèt la epi kreye yon Plan Familyal pou limite itilizasyon teknoloji yo. Li ofri konsèy pou evite voye oswa pataje mesaj, imaj, di lòt moun sispann, rapòte kontni ofansif, epi devlope estrateji pwotektif ak bon jan pratik itilizasyon rezo sosyo.

Kathleen Parker nan Washington Post  diskite sou estatistik liv "The Anxious Generation" (jenerasyon ak enkyetid) ki montre nivo pousantaj depresyon ak enkyetid adolesan te ogmante 50 pousan nan ane 2010-19 menm jan selilè reyalize dominasyon mondyal la. Asire w ete sa a pitit ou ansanm ak paran eten aparèy yo pou amize yo deyò nan katye a. "Jwe fè nou vin kreyatif, gen bon jan nan  espò, evalye risk, echwe ak rebondi."