Evènman Family Expo Atire Plis Pase 5,000 Moun Pou Preparasyon Retounen Lekòl

Evènman Family Expo Atire Plis Pase 5,000 Moun Pou Preparasyon Retounen Lekòl

De evènman ak yon Pop Up (tant mobil) te bay founiti, enfòmasyon, ak plis ankò!

Sezon retou lekòl vin ak yon seri emosyon pou elèv ak paran yo: eksitasyon, enkyetid, antisipasyon, konfizyon ak plis ankò. Depi plizyè ane, The Children's Trust Family Expo ede timoun ak fanmi fè fas ak afè retou nan klas, anplis melanj founiti, resous, enfòmasyon ak konsèy sou fason pou jere evenman retou lekòl, epi, patisipe nan yon jounen plezan kap rete nan lespri tout fanmi an lontan apre kòmansman lekòl la kap yon memwa. 

Family Expo ane sa a te bay tout sa ak plis ankò paske li te atire plis pase 5,000 timoun ak fanmi yo ki te resevwa plizyè milye founiti lekòl, aprann sou pwogram The Children's Trust, ak sa founisè ak patnè li yo ofri. Sa fè yo sonje sa epòk ete dwe geyen: Plezi, bagay pwodiktif, pèfòmans agreyab ak bon jan enfòmasyon.

The Trust te òganize de evènman tradisyonèl Family Expo nan Florida Memorial University nan Miami Gardens, le 27 Jiyè ak le 3 Out nan Kendall Campus Miami Dade College. Anplis, pandan ete a, le 20 Jiyè, premye evènman The Trust Family Expo Pop-Up te fèt nan Charles Hadley Park, Liberty City. Evènman pop-up la te dewoule nan mitan yon aktivite kominotè ki rele The Back to School Health and Safety Fair. Pop Up la te sèvi kòm yon tou nouvo pwogram ki vin gen siksè. Poutèt sa, The Trust la pral itilize l pou pwograme lòt Pop Up nan lavni nan tout konte a. Plis pase 500 moun te patisipe nan evènman Pop Up Trust la.

Nan evènman Family Expo ane sa a, ki se pi gwo festival resous familyal gratis nan Miami-Dade, te gen aktivite anndan bilding, ak nan lakou, tankou atis blad, dekorasyon figi ak penti, trelè manje ki konplimante fèstivite yo. The Trust la te mete ansanm ak Uber pou bay sèvis transpòtasyon gratis, pou te rann li pi fasil pou fanmi yo patisipe nan evènman yo. 

Timoun ak lajenès te ka patisipe nan plizyè aktivite, tankou Zòn Fun ki te ofri aktivite foutbòl, egzèsis fizik, fotomat, atizay ak atizana, espektak pèsonaj elatriye.

Family Expo te pèmèt paran ak moun k ap bay swen konekte ak yon pakèt resous tankou pwogram apre lekòl ak lòt sèvis gratis, oswa a pri ba e an menm tan aprann plis sou nitrisyon timoun, prevansyon blesi, swen timoun ki gen bezwen espesyal, elatriye .

Tankou dènye ane yo, te gen fil paran ak timoun ki t ap tann devan Klinik Mobil UHealth Pediatric la pou pran vaksen nesesè pou retounen lekòl. Ete sa an total, The Trust te bay plis pase 6,600 sakado pou timoun nan kominote a.

James R. Haj, prezidan & Direktè Jeneral The Trust la di. “Paran souvan pa gen anpil tan pou chèche resous ak prepare pitit yo pou nouvèl ane lekòl la, sitou lè y ap travay ak jere lòt responsablite. Family Expo pote tout sa paran yo bezwen anba yon sèl do-kay, sa ki fè li fasil pou yo jwenn aksè a enfòmasyon enpòtan ak anpil sipò tou.”