Fòmasyon fòs Emosyonèl

Fòmasyon fòs Emosyonèl

Ekipe pitit ou pou l ka elve nivo l ak elegans

Pitit ou briye nan kou adisyon jaden danfan epi nan nivo klas dizyèm li vin dezespere ak kou divizyon. Oswa adolesan w gen enkyetid sou fason pou l navige koulwa ak kamarad nan yon nouvo lekòl presegondè. Paran yo eseye yon apwòch rasyonèl ki bay lanmou pou resoud defi timoun yo epi ede yo devlope estrateji pou siviv. Konplimante efò plis pase rezilta pou kiltive yon mantalite devlopman ak detèminasyon atravè batay pou simonte obstak.

Devlope Kapasite Entelektyèl: Timoun yo ka vle repliye emosyonèlman nan fè fas a defi akademik, sosyal ak aktivite andeyò kourikoulòm, epi deside yo pa gen ase kapasite. Lè konsa, ede yo afronte defi a kòm yon mwayen pou devlope konpetans pou rezoud pwoblèm ak entelijans yo. Messymotherhood.com fè diferans ant yon mantalite fiks ki konsantre sou rezilta ak yon mantalite avansman ki konsantre sou efò pou aprann yon nouvo ladrès oswa atake yon pwoblèm nan diferan direksyon pou evalye li. Ankouraje elèv aprann simonte obstak pandan tout lavi yo. “Timoun nou bezwen konnen yo ka rezoud yon pwoblèm lè yo travay sou sa. Men, si yap goumen kounye a lè obstak yo pa twò di, yo pral gen konfyans yo bezwen pou elimine ak simonte pwoblèm difisil.”

Sikoloji Pozitif rele sa fòmasyon fòs serebral. “Menm jan lè w leve pwa, lè w fè egzèsis sèvo w, l ap agrandi ak vin pi fò. Timoun ki gen yon mantalite devlopman gen yon atitid ' Mwen kapab fè l. Yo souvan wè defi kòm yon opòtinite pou aprann ak grandi.”

Connecticutchildrens.org eksplike:  Yon timoun ak atitid ki pa flexib pa vle eseye ankò apre yon echèk pou pa blese ego l. Men, timoun ak mantalite devlopman aprann nan echèk "se yon motivasyon pou lavni." Li di “Si yo vle vin yon pi bon chantè ankouraje yo fè odisyon pou yon solo. Trete kritik pozitivman epi pran sa kòm yon aprantisaj. Ak pratik timoun yo ka kòmanse gade mond lan nan yon sans pi pozitif epi wè tèt yo ak plis konfyans e kapasite.”

Se konsa, kit metrize yon kalkil distans ayeryen ou konkeri kalkul, timoun yo bezwen sipò pou pran souf pou simonte alèz yon pant ou yon gwo mòn nan lavi.
 
Reyajiste, Respire ak Destrese: Asosyasyon Sikolojik Ameriken rekòmande dòmi plis - tankou 9-12 èdtan pou laj 6-12 lane ak 8-10 èdtan pou adolesan. Fè egzèsis chak jou epi pale sou sitiyasyon ki bay estrès ak yon adilt ou fè konfyans pou jwenn pi bon pèspektiv ak solisyon. Pran tan pou fè aktivite jwisan epi itilize lanati kòm terapi pou diminye enkyetid ak depresyon. Ekri bagay ki bay estrès ak santiman pozitif pou amelyore byennèt. Kite timoun yo chèche solisyon epi anseye yo vin bon konsomatè nan domèn dijital.

Antrenè bezbòl David Klein rekòmande jwè ki nan detrès reanime yo pou retire fristrasyon, vizyalize siksè epi kanpe dwèt pou santi yo gen konfyans. Oswa, "fèmen je w epi panse a yon moun, yon kote oswa yon bagay ki detann ou osinon pote lajwa." Nan NPR, Doktè Lisa Miller ensiste pou kiltive espirityalite timoun yo paske “lè gen yon vale debaz espirityèl solid, sa pwoteje adolesan yo kont depresyon, abi dwòg ak pran risk.”

Pennington Post  pwopoze kalman nanm tankou pran souf pwofon ak men w anlè, sote, al mache deyò ak pale ak moun, gade nwaj pandan w kouche sou zèb, oswa jwe jwèt tab.

Kalme w ak Prepare w: Pou jere an sante chanjman ekstrèm toulejou tankou demenajman oswa divòs, Big Life Journal konseye ede timoun yo konprann santiman yo epi prepare tèt yo piti piti pou chanjman tankou vizite yon nouvo kay anvan demenajman. "Nome santiman yo pou fè li mwens akablan ak pi fasil pou jere lè li posib. Pwopoze estrateji pou jere sèten aspè ki pi difisil nan nouvo sitiyasyon an." Pou konsistans kenbe woutin lè dòmi ak lè manje. Kite pitit ou pran desizyon ak reflechi sou fason li vin gen plis kouraj atravè chanjman ke li te pase anvan. Sa k pi enpòtan an, "reasire pitit ou ke lanmou w ak swen w pap chanje, lè konsa lap pi fasil pou l fè fas ak chanjman nan lòt aspè lavi."