Leson de Baz sou Prepaprasyon Pou Siklòn: Konsèy pou Tout Fanmi an

Leson de Baz Sou Prepaprasyon Pou Siklòn: Konsèy pou Tout Fanmi an

Kòmansman Sezon Siklòn Nan Atlantik la preske rive. Chak ane li kòmanse nan mwa Jen jiska fen Novanm. Antanke moun la Florid, siklòn yo pa anyen nouvo pou nou, men li toujou enpòtan pou nou prepare pou sezon an. Si ou pa t janm fè eksperyans yon siklòn anvan, sonje li esansyèl pou w planifye davans.

Kijan ou fè konnen si yon siklòn ap vini?
Yo se tanpèt van ki deplase an fòm toubiyon ak gwo vitès, e ak lapli. Plis van an pi rapid, plis li danjere. Lè yo touche tè a, siklòn yo destriktif akòz van rapid, anpil lapli ki lakòz inondasyon, e pafwa gen tònad tou.

Erezman, rapò metewolojik yo ede nou konnen ki lè tanpèt sa yo ap vini. Dapre National Oceanic and Atmosphere Administration (Administrasyon Nasyonal Oseyan ak Atmosfè,) gen yon avètisman siklòn ki pibliye 48 èdtan anvan fòmasyon yon siklòn. Okontrè, anvan siklòn nan rive yo fè w konnen 36 èdtan davans. Sepandan, ou ka prepare w pou yon siklòn anpil tan avan nenpòt tanpèt.

Planifye nan kòmansman sezon siklòn lan
Li pi bon pou fè yon plan ki gen pou wè ak tout fanmi an. Pou prepare w pou danje yon siklòn, ou ta dwe fè kat bagay sa yo nan kòmansman sezon siklòn nan anvan li rive:
Konnen ki risk kay ou a ka genyen pou l domaje ak van, inondasyon epi prepare w pou ranfòse li.

Pa egzanp, enstale kouvèti fenèt ki fèt pou siklòn oswa pare pou w mete panno antisiklòn oswa planch pou kouvri nenpòt fenèt ak pòtakoulis an vit ki ekspoze.

Chèche konnen si w ap viv nan yon evacuation zone (zòn evakyasyon.) Si se sa, antisipe davans kote prale nan ka ta gen yon siklòn. Lè w konnen ou nan yon zòn evakyasyon planifye davans ki wout wap pran.

Prepare twous dijans pou katastwòf ki gen ase pwovisyon pou dire omwen yon semèn. Timoun yo ka ede w mete kèk nan pwovizyon siklòn yo ansanm. Sa a kapab yon bon jan pou anseye yo enpòtans chak pati nan twous ekipman preparasyon pou yon siklòn. Men sa w ta dwe prepare anavans pou yon  siklòn:
* Omwen yon galon dlo pou bwè pou chak moun, pa jou  
* Manje ki pap gate (manje nan bwat/gadmanje, manba, pen, ba granola)
* Walkie talkie oswa batri solè, chajè, ak telefòn selilè 
* Bwat premye swen ak nenpòt medikaman ki nesesè pou manm espesifik fanmi an
* Radyo ki mache ak pil, flach ak pil siplemantè, alimèt ak bouji
* Pwodwi pou twalèt, medikaman pou yon mwa (ki sere byen lwen timoun ansanm ak lòt materyèl), atik pou tibebe w la, tankou kouchèt, fòmil, elatriye, epi jwèt ak atik pou kalme pitit ou.
Ou ka jwenn yon twous pwovizyon pou preparasyon pou siklòn sou healthychildren.org.

Ekri epi revize Plan Ijans Fanmi w ak bon zanmi w, fanmi w anvan siklòn lan rive. Yon bon plan ijans fanmi di w kijan pou yon manm kontakte lòt, ki kote pou ale, kisa pou fè nan yon ijans. Etap sa a espesyalman enpòtan pou timoun yo ka aprann ladrès enpòtan tankou rele 911, epitou planifye nan ka ou vin separe pandan yon katastwòf.

Pou plis enfòmasyon sou kreye yon plan ijans, tcheke ready.gov.