Sèt jan pou fè jou Konje yo Espesyal pou Timoun ou yo

Sèt jan pou fè jou Konje yo Espesyal pou Timoun ou yo

Pran tan w, ralanti epi reflechi sou fanmi w ak tradisyon w yo

Timoun nou renmen jou konje. Tan san lekòl, kado ak posibilite pou pase anpil èdtan ap jwe jwèt elektwonik oswa sou rezo sosyo.  Se kèk nan rezon sa yo, ki fè timoun jodi yo pa ka tann konje ivè. Tout sa oke, men se pa bagay sa yo ki pi bon pandan epòk fèt yo. Paran ak moun kap bay swen gen responsablite pou raple timoun nou k ap grandi vre valè jou fèt sa yo.

Malgre chak fanmi diferan, gen kèk faktè nou tout ka eksplike pouki nou anvi mwa Desanm rive paske pafwa nou oblije lite pandan rès ane a ki fè nou pa ka tann jou konje sa yo. Men sèt fason pou aprann timoun nou menm valè sa yo:

1. Kreye nouvo tradisyon: Fanmi relijye yo ka swiv pratik yo pou selebre, men sa ki pa nan fè sa, kapab kreye tradisyon pa yo. Gade film lèswa, jwe jwèt tab oswa menm reyalite vityèl ou dijital ka reyini tout moun ansanm toutotan rezon an se jwi tan youn ak lòt. Montre pitit ou kijan lòt kilti selebre jou fèt yo epi ou pa bezwen pè pou adopte pwòp vèsyon w nan pratik sa yo.

2. Bese nivo estrès la: Vakans yo se lè pou nou kite estrès ale men pa pou ajoute sou li. Li ka difisil si pake Amazon nan anreta, oswa w kole nan yon liy entèminab nan sant komèsyal la, fò w sonje timoun ou kopye konpòtman w. Si w gen enkyetid, yo ka swiv ou, poutèt sa pratike kite bagay pase.

3. Remèsye: Sa vle di bay tout moun plis remèsiman pou kado yo, refleksyon dwe ladan l tou. Pandan w chita sou tab la pran tan pou mande chak manm fanmi an pou ki bagay yo rekonesan pou ane ki sot pase a. Si ni ou ni yo pa kapab sonje, tcheke sit entènèt Paran Jodi a, revizite jounal pèsonèl yo oswa rale telefòn ou oswa tablèt elektwonik ou pou gade ak kontantman foto nan ane a ak moman relijye. Sit wèb Green Kid Crafts  sijere kreye yon Pye Bwa Rekonesans itilize papye konstriksyon pou ekri sou imaj diferan anprent men piti ou tout bagay yo rekonesan

4. Lespri Jenewozite: Ede pitit ou aprann lespri jenerosite lè w mete apa tan pou pi pi jèn yo fè yon kado pou yon frè ak sè oswa granparan. Fè yon lòt moun kontan se yon bagay ki touche tout timoun. Lè yo aprann gen kè kontan lè yo bay, w ap montre yo yon lavi ki plen bon santiman. Jwenn plizyè lide ansanm, epi chwazi sak kapab fèt!

5. Sèvi bon bagay: Manje deja fè pati nan sa timoun pi renmen pandan fèt vakans.  Men elve nivo a lè w fè yo patisipe nan preparasyon manje pou epòk la. Si yo pa pare kale pòmdetè oswa brase pat gato, mennen yo nan yon episri pou ede achte engredyan anvan preparasyon manje prensipal la, oswa fè yo òganize tab a manje an, men pran tan w montre yo kijan pou pliye sèvyèt, epi prepare dekorasyon okasyon an.

6. Ede yo pandan jounen long: Senk èdtan preparasyon manje ak sèt èdtan deplasman al achte difisil pou nenpòt timoun, espesyalman sak pi piti yo. Alò, asire w ke ou planifye jounen ki gen ase repo ak ti goute, e an menm tan kenbe yo aktif. Yon Atik Nan Child Mind Institute konseye, "Pa pwograme plis pase yon evenman difisil nan yon jounen, epi asire w gen ladan l aktivite fizik ak ase tan repo." Menm ak tan repa long pou fèt vakans, oswa rete tann minwi, kenbe woutin timoun al dòmi tout jan w kapab. Fè yo mete pijama oswa al benyen annatandan minwi. Men, si yo tonbe dòmi, lap pi bon. Yap reveye bien kontan.

7. Fè aktivite deyò: Youn nan pi bon pati viv nan Sid Florid se ke sezon ivè nou se tan ki pi agreyab nan ane a pou rete deyò. Pandan ke rès peyi a kole anndan yon refij poutèt fredi, nou ka ale nan yon pak, nan plaj oswa menm nan lakou devan an pou patisipe nan nenpòt aktivite nou vle. Nou pran avantaj mank chalè ak imidite pou mache oswa òganize yon piknik vakans.