Trankil, Kalm ak Gen Konpasyon

Trankil, Kalm ak Gen Konpasyon

Se Pi Bon Pratik Parantalite

Pitit 10-zan w inyore demann wap repete pou li sispann goumen ak ti frè l ak sispann rele. Oswa nan sinema, ti adolesan w plen boutèy dlo li de fwa ak yon slushy san l pa peye. Olye pou joure pitit ou vit jiskaske li gen remò, konsidere pran mantalite yon antrenè pou anseye nan moman an, epi afwonte kopòtman an ak yon apwòch kolektif ki refleksyonan. Espè yo di estil sa a ki pi janti ak dou pral ede timoun nan jere emosyon pi byen ak amelyore konpòtman l pandan lap grandi e sa pral vin efikas alontèm.

Modèl Sangfroid: Verywellfamily.com diskite eleman kle nan parantalite ki gen ladan l senpati, respè, konpreyansyon ak limit klè. Li konseye paran bay egzanp konpasyon yo vle wè nan pitit yo, enpoze limit ki konsistan epi respekte santiman timoun nan. Ki vle di rekonfòte ti bebe a k ap kriye a 2 dimaten olye w fache. Allison Andrews, Psy.D. di "Lè nou montre dousè, espesyalman pandan tan estrès, nou aprann tolere fristrasyon ak fleksibilite. Rete kalm epi lè w dou ak fèm, sa etabli yon platfòm pou kwasans ak devlopman pozitif."

Fòk ou Kreye Règleman: Etabli règleman klè sou konpòtman ki apwopriye ak atant elve, ki bay timoun sekirite ak estrikti. Endike espesyalman ke jèn timoun ou pa ka bwè alkòl epi toujou aplike entèdiksyon aparèy elektwonik padan dine. Verywell Family di "Lè konsa, yon timoun ap santi l asire pou l eksplore nouvo anviwonman e l ap konnen li pwoteje. Finalman, sa ap ankouraje konfyans. Ak timoun ki pi gran, sonje laj yo anvan ou reyaji sou konpòtman yo. Lè w fè sa, sa ap ede w konprann mantalite yo pi byen pou ede yo konprann santiman yo nan yon fason ki apwopriye,".

Kaptire Moman an: Cleveland Clinic eksplike chanjman nan kad pinisyon/rekonpans --pa gen tablo grafik otokolan, ni delè ak yon apwòch ki pi kolaboratif ki bay timoun nan konsyans emosyonèl ak espas pou amelyore konpòtman. Kidonk, reflechi twa fwa anvan ou rele sou yo tankou, "Wap aji nan yon jan ridikil epi ou ka fè m anreta nan travay mwen!" paske timoun nan ta ka poze pou yon ti tan paske l pè, epi rekòmanse ankò. "Repons ki pi fè sans se pou w rete kalm ak fèm, poze epi di, mwen pral depoze w lekòl epi answit mwen pral travay. Nou bezwen kite alè ... Si ou pa pare, lè sa a, nou tou de pral an reta epi mwen pral santi m an kòlè. Si mwen fache, w ap pèdi privilèj."

Fò w gen yon plan entèn pou fè bak epi reponn ak efikasite. Felisite kat fwa olye w kritike. Diskite sou rezilta, konsekans ak deklanchman konpòtman, sa ap ede timoun yo santi yo pi kalm ak mwen agresif. "Etid montre ke konpreyansyon mityèl ak apwòch parantal ogmante sans atachman yon timoun ak paran l. Kidonk, sans atachman sa a pral relasyone ak mwens sentòm depresyon, pi gwo nivo rekonesans ak padon pita nan lavi. "

Parents.com fè konnen lòt avantaj lò gen mwens enkyetid e ladrès sosyal pozitif. Li rekòmande separe aksyon moun nan epi parante ak jantiyès, senpati e konpasyon, pa estil militè. Kidonk, si timoun preskolè w refize mete manto l pou ale nan magazen, mande pitit ou a ba vwa kisa lap panse. "Koute ak pasyans e konpreyansyon epi answit bay yon solisyon kap satifè nou tou de." 

Jis fè: l! se yon atik New Yorker Jessica Winter redije ki pale sou fason li santre sou santiman ak motivasyon yon timoun akòz yon konpòtman rebèl olye ke li korije li. Timoun nan aprann kontwole emosyon lè moun k ap bay swen an afime enpòtans yo. "Timoun nan vin yon moun ki kontwole tèt li, ki janti ak konsyan paske l vle, pa paske l pral gen krèm alaglas."

Men, nan mitan woutin ajite ka pa gen tan pou dyalòg ekidatif sa yo. Li analize estim nan chak atitid yon timoun epi li wè move konpòtman kòm yon "repons fizyolojik akòz estrès" ki bezwen yon "gad sekirite emosyonèl." Epi "twòp-validasyon ak mwens-koreksyon," vin riske. Men, kèlkeswa limit yo, Winter afime se repons ki pi bon pase leve vwa ak trennen pitit gason l ' sòti deyò. " Sa chanje fason mwen pale ak pitit mwen yo ak fason mwen eseye negosye moman difisil ak yo, e mwen rekonesan pou sa."

Pandan ane 2024 la, pou elve yon timoun janti e ki reflechi kèlkeswa jan yon moun chwazi disipline, chak paran ka enkòpore yon apwòch ki gen plis pasyans ak lanmou.