Yon Gid Rapid Sou Fason Pou Pwoteje Fanmi Kont Dife Pou Yo Pa Boule

Yon Gid Rapid Sou Konman Pou Pwoteje Fanmi Kont Dife Pou Yo Pa Boule

Otè Natalia Gilbert, Kandida an Medsin ansanm  ak Julie Belkowitz, MD, MPH, Lyse Deus ak Oneith Cadiz, MD

Timoun eksplore mond lan lè yo manyen, ap grenpe, epi fè eksperyans ak nenpòt bagay ki atire atansyon yo. Li ka byen difisil pou toujou ap swiv yon timoun kirye. Men, sa a ka riske, paske timoun ka jwenn ak manyen anpil bagay ki ka danjere nan yon kay.

Gen sitiyasyon komen ki ka koze gwo malè pou yon timoun tankou vèse yon tas kafe cho, benyen ak dlo twò cho, manyen recho oswa fou, oswa boule nan kwit manje ak yon mikwo ond. Dapre Sant Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC), timoun ki pi piti yo gen tandans boule akòz dlo cho, e lòt sa ki pi gran yo gen tandans vin boule nan kontak dirèk ak flanm dife. Timoun yo souvan pa okouran danje sa yo epi yo depann de granmoun pou pwoteje yo kont sitiyasyon danjere.

Dapre American Burn Association, chak jou yo mennen apeprè 300 timoun nan Depatman Ijans ak de ladan yo ki mouri akòz aksidan boule. Timoun ki poko gen 16 an reprezante anviwon 26% nan tout admisyon lopital espesyalize pou brili.

Pi bon fason pou pwoteje fanmi w se pran mezi prevantif pou diminye chans pou brili oswa yon dife, epi asire w gen yon plan sekirite ki tabli si youn rive!

Timoun gen risk pou yo boule ak likid cho, sifas cho tankou yon recho, kontak ak elektrisite e sibstans chimik. Erezman, fanmi yo ka pran prekosyon pou evite sitiyasyon danjere sa yo.

Men kèk konsèy sou sa ou ka chanje lakay ou pou pwoteje fanmi ou:

- Ou ka ajiste Chofaj dlo a yon tanperati maksimòm. Akademi Ameriken pou Pedyatri rekòmande pou mete l a 120 degre Fahrenheit maksimòm.

- Toujou tcheke tanperati dlo a anvan ou benyen tibebe e timoun yo.

- Lè wap kwit sèvi ak pati aryè recho a epi vire manch chodyè yo pa dèyè pou timoun yo pa ka pran oswa fè yo tonbe.

- Pa mete manch long oswa rad laj pandan w ap kwit manje.

- Kouvri priz elektrik yo ak kouvèti plastik pou pwoteje kont chòk elektrik.

- Sere pwodui netwayaj chimik ak vaporizatè yo pou timoun pa jwenn yo.

- Asire w ke timoun piti pa ka rive nan nivo mikwo ond lan epi asire w ke w sipèvize timoun yo lè y ap kwit nan mikwo ond lan.

- Apre ou fin chofe manje nan yon mikwo ond, kite manje a refwadi yon ti kras epi asire w ke ou byen brase manje a anvan ou manje l pou asire w pa gen okenn zòn cho.